Nòt Women For Liberty Haiti sou komemorasyon 25 novanb 2017 lan ak sa n dwe konnen pi plis sou dat sa

whatsapp-image-2016-11-27-at-11-59-04-amNan kad batay kap mennen mond lan kont zak kadejak, jouman, maspinay ak tizonaj kap fèt sou fanm ak tifi nan tout mond lan, sitou lakay pa nou, an Ayiti, nan dat jounen 25 novanb 2017 la ki make 18 lane depui Nazyoni mete apa pou komemore epi reflchi sou vyolasyon dwa fanm ak Tifi,Kwodinasyon WOMEN FOR LIBERTY HAITI pwofite pou salye epi remèsye tout manb li yo, an patikilyè, ak tout moun an jeneral, sitou fanm ak tifi kap sibi zak vyolans nan peyi a, pandan nap salye tout oganizasyon dwa moun, enstitisyon nan leta ak laprès an jeneral ki rezeve yon espas pou pale sou pwoblèm fanm ak tifi ap sibi nan sosyete a.

San pan pa rantre twofon nan foye zo nan kalalou, puiske konferansye yo kap avèn jou samdi 25 novanb nan Fakilte IERAH pral debat avè n senbolike ki lye ak dat sa, men pa anpeche di yon timo sou dat sa, ki make yon gwo evenman nan listwa limanite, puiske se nan lane 25 nov 1960 kote yo tap asasine, tout prè lakay nou, nan peyo vwazen(Andominikanie) 3 sè Miral yo kite miltant politik ak dwa moun an repiblik dominiken sou diktati Rafael Trujillo..Sak tap pral pouse NasyonZini adopte nan lane 1993 Deklarasyon sou eliminasyon vyolans sou fanm ak tifi, epi nan lane 1999 yo rive adopte jounen 25 novanb lan kom dat ofisyèl poun komemore dat sila.

Kisa dat 25 nov lan  fè? se gras ak dat 25 nov 1960 ki vinn fè wè ki kalte vyolans fanm ak tifi ak sibi nan mond lan, ki vinn kowone travay Clara Zetkin te gentan mennen nan lane 1910 poun komemore 8 mas nan mond lan,. Se dat ki vinn bay 8 mas tout sans li, ki se Jounen entenasyonal dwa Fanm nan mond lan, malgre yo te komanse komemore l avan 25 nov. Dat 25 novanb lan fè NasyonZini adopte :

En rezime se, dat 25 novanb lan se alafwa radyografi ak pwolojman 8 mas, kote Nazyoni adopte nan lane 1977, ki montre klè kou dlokok ki kalte zak maspinay, tizonaj, kadejak ak pawol piman bouk fanm ak tifi ap sibi nan kominote yo.

Li klè zak vyolans pa sipann fèt nan sosyèt ayisyèn an sou fanm ak tifi, an patikilye. Zak vyolans yo pou wè ak vyolans nan kay, nan fanmi, nan kominote oswa nan lari.Fanm yo bat, vyole, joure,etc. Tifi yo se yon bòpè, bòfrè, yon swadizan Papa obyen lot manb fanmi kap tizonaj sou yo, pisouvan. Dèfwa se kèk vye chante kap pase nan radyo oswa televizyon kap denigre fanm ak tifi. Inikman pou lanne 2016 la pou rive 2017, plis pase 10 ka fanm ak tifi ki sibi zak vyolans ki fè skandal nan laprès oswa sou rezo sosyo yo.Fanm gason koupe tet yo, fanmi gason touye ni manman ni timoun yo.Nou ka site pa egzanp zanp kite pase nan zòn Bon repo nan mwa daout la… Kek fwa se otorite nan Leta ki enplike nan zank sa yo menm loske fanm yo pote plent, se menm otorite sa yo ki la pou bay jistis ki neglije oswa banalize zak vyolans si yo pa enplike direkteman nan zak sa yo.

Nan sans sa, WOMEN FOR LIBERTY HAITI ansanb ak lòt òganizayon Dwa Moun yo, sitou òganizayon feminis yo, deklare  » UNE SEULE VOIX POUR COMBATTRRE LA VIOLENCE À L’EGARD DES FEMMES » , pou poun komemore jounen an  25 novanb lan nan tout peyi anba tèm sila, poun ka rive tout bon vre derasinen tout kalte vyolans kap fè sou fanm ak tifi nan peyi a !

Nou pwofite okazyon an pou envite w nan gwo konferans yap fe jou samdi 25 novanb lan nan fakilte IERAH ki nan Avni Kristof tou prè INAGAHEI ak Syanzimèn, de 9vè pou rive 1è aprèmidi.

Nap gen privilèj resevwa kòm konferansye:

Pwofèse Rose-Esther Sincimat, ki se yon espesyalis sou zafè relasyon fanm ak Gason;

Epi Pwofesè Ketleine Charles, ki limen tou se yon espesyalis sou zafè relasyon fanm ak Gason.

Nou tout envite san bay yon youta. Jis Mache bonè paske plas yo limite…

Mèsi tout moun, Epi Bòn jounen refleksyon, pandan nap renouvle fèm detèminasyon n pou konbat tout fòm vyolans sou fanm ak tifi nan sosyete a !

Laisser un commentaire